top of page


Podcast "deboukante"
“Deboukante Podcast” se espas kote nou pral pale done, atizay, sosyete ak anpil lòt tematik. Podcast sa ap abòde sijè ki pètinan, trete yo ak pasyon ak agouman. Nan epizòd yo, souvan, n ap plonje nan mond atistik lan pou pale mizik, sinema, literati tout kote. Ap gen anpil pataj lide ak kèk pwofesyonèl tou.
Nou di tout moun deja: Byenvini!


Poukisa deboukante?
Lontan chita pale, koze se te fason lide te konn pase de pi gran a pi piti nan lakou yo. Sa ki te pèmèt malgre tan pase, gen valè ki te toujou la. Men jodian ta sanble nou pèdi anpil nan pratik“lakou” yo, ta sanble nou pèdi wout nou. Fas a konsta dejenerasyon sosyete nou an, li vin pi enpòtan pou nou reprann abitid “Deboukante” lapawòl la.
Plen maleng nan sosyete a ki mande swenyay; sa mande pou nou mete deba yo nan kontèks yo, san fè amalgam. Teknoloji ofri nou anpil mwayen pou fè sa.
deboukante.com se yon platfòm ayisyen ki vle yon kanal pou kontribye nan alimante bon jan deba, nan pote kontni ki bati sou valè ayisyen e trete koze kap pase anba je nou.
Platfòm sa ap abrite yon blòg ak yon podcast ki charye kèk ribrik tankou: Pwezi Kreyòl, “Economie et Société”, elatriye. Li ap sèvi tou kòm platfòm pou vann e desitribye kèk zèv literè ayisyen.
Byenvini sou deboukante !
bottom of page
