top of page

Dezawa

  • 4 juin 2020
  • 1 min de lecture

Dernière mise à jour : 17 août 2023

Rèv mwen fè kredi sou lespwa,

Reyalite m s on doulè san bout

Soufrans pran plas tout dezi m,

Lapenn fin chifonnen kè m…

Lè m san ou…

Lavi m s on moso twèl chodyè,

Chalè dife fin dezabiye

Doudou!

Chak jounen m pran yon koulè

Men tout pase lwen zye w

Chans mwen sere byen fon nan men w,

Ou pwomennen sou tout zile a

San vire gade m…

San jamè remake m.

Mwen swiv chak koub nan kò w.

Youn pat ka mennen m sou tras kè w.

Mwen voye je m anlè,

Chache souri w pami nyaj yo

Chache zye w pami zetwal yo

Nan tout lari a m ap piste w, m fin awoyo…

Menm pousyè pye w m swete kenbe.

Mwen va sere l nan yon vye mouchwa,

Ladan l m a respire ti gout tandrès ou

Lè m ta gen chans imajine w

Mwen ta biye l ak koulè cham ou.

Nathanaël Delva




Posts récents

Voir tout

1 commentaire


Kath Jean Charles
Kath Jean Charles
11 juin 2022

🖤

J'aime
Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page