top of page

Yon dènye pwezi

  • 5 sept. 2020
  • 1 min de lecture

Dernière mise à jour : 7 août 2023

Te g on dènye pwezi,

Yon sekrè kòm te anvi di kò w.

Nan yon rèv mwen premye wè w,

Tank on ti pay,

Konsa w te tonbe nan zye m.

Jou sa m marye 41 pa 12

Mwen pase bò Senpyè, m f on priyè

Pou ou.

Mwen sere yon moso rapadou,

Ak yon bouke flè kè m jèmen pou ou...


Lespwa lanmou, se lespwa rekòt

Lakansyèl parèt chak fwa w souri

Men se pa nan kè m lapli tonbe

Jan ou ye, jan w kanpe

Tankou w se kat postal senplisite

Kon tilèzany nan jwèt syèl

Konsa m vòltije sou cham ou

Kadans ou apante chak pasèl lavi m...

Fè m chante tout dezi m

Ou vizite m nan dòmi

Yon yanvalou k ap jwe

De je m sou lizyè anch ou

Souri w sèl refren, souri w sèl repè


Mwen damou w, men w ka pa konprann

Santiman sanzatann

Kon kout pat Zlatan

Ou pike m, kè tòg la pran kabann

Tòg pran rele Ayizan

La priyè Sent Antwàn de Padoue

Pou w ka pou mwen, pou m ka pou ou

Pou m ka antre nan kafou rèv ou

M a va gate w pou m byen pran gou w

M a va prije w, benyen nan sant ou


Lavi si kout, ti kadè l etenn

Kè mwen sou dout, aprè lapli se pa bon tan,

Se plenn

M pa rive wè solèy, nan mitan mòn yo

M ap pase estasyon, trennen kwa lanmou

Kè m krisifye, sa gen plis ke 3 jou

Ou pa pase wè m

Men malgre krèv kè m...


Pou ou

Mwen sere yon moso rapadou

Ak yon bouke flè kè m jèmen pou ou...

Nathanaël Delva

Posts récents

Voir tout

Commentaires


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page